Accessibility links

Breaking News

FDA Apwouve Vaksen COVID-19 Pfizer a


Foto Achiv: Teknisyenn Famasi Hollie Maloney ap prepare yon enjeksyon vaksen COVID-19 Pfizer a.
Foto Achiv: Teknisyenn Famasi Hollie Maloney ap prepare yon enjeksyon vaksen COVID-19 Pfizer a.

Ajans gouvenman ameriken ki jere kalite manje ak medikaman kap vann Ozetazuni, Food And Drug Administration (FDA) apwouve konpletman vaksen COVID-19 Pfizer a pou moun ki gen 16 zan ou plis.

Direktris FDA a, Janet Woodcock deklare pep Ameriken an ka gen konfyans vaksen an konfome'l ak standa pi wo sekirite ak efikasite le y'ap fabrike'l.

Nan yon diskou li pwononse kek he'd tan apre apwobasyon sa a Prezidan Joe Biden ankouraje Ameriken ki poko fe sa pou y'al vaksinen.

"Moman nou tap tann nan rive. Le le pou n'al pran vaksen an," Biden deklare.

Vaksen sa a ke konpayi famaseutik Pfizer-BioNTech devlope ansanm te jwenn konsantman pou'l distribye nan ka ijans nan mwad Desanm pase a. Ekspe yo souliyen ke apwobasyon an mande menm kalite prev syantifik la ak ese medikal ki pwouve li su ak efikas.

Sepandan, gen kek eskspe ki espere apwobasyon konple sa a pral ankouraje moun ki mefye yo pou y'al vaksinen kounyea, sitou nan moman Etazuni ap fe fas ak yon paket nouvo ka COVID-19 ki lye ak varyan Delta a ke moun ka trape fasil.

XS
SM
MD
LG