Accessibility links

Breaking News

Trump, Pence Tounen Washington pou Pwononse Diskou Rival


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump lonje dwet li sou foul la apre li rive nan yon miting politik kote li tap pran la pawol nan Prescott, Arizona, 22 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump lonje dwet li sou foul la apre li rive nan yon miting politik kote li tap pran la pawol nan Prescott, Arizona, 22 Jiye, 2022.

Ansyen Prezidan Donald Trump retounen Washingtpon pou premye fwa depi likite pouvwa a. Lap pwononse yon diskou nan yon oganizasyon politik Repibliken, kèk hè'd tan apre ansyen vis prezidan li, Mike Pence, yon rival potansyèl pou eleksyon 2024 la, te mande pati Repibliken an sispann gade pase a.

Parèt Trump ap fè nan Washington - se premye vizit li depi 20 Janvye 2021, lè Prezidan Joe Biden te prete sèman. Li vini nan moman kote potansyèl rival li yo pou eleksyon prezidansyèl 2024 yo ap defye'l dirèkteman de plizanpli.

Pami rival sa yo gen Pence, ki pwononse yon diskou kote li bay detay sou ajènda "Libète" li a, pa lwen ak kote Trump ap pran pa pawol a 3zè, devan yon oganizasyon politik kap travay sou yon ajanda pou li sizoka li deside poze kandidati li a la prezidans ankò.

XS
SM
MD
LG