Accessibility links

Breaking News

13 Atefak Kiltirèl Britanik Yo te Vòlè Retounen nan Peyi Etiopi


ETHIOPIA-ARTEFACTS/
ETHIOPIA-ARTEFACTS/

Yon syèk edmi de sa Britanik yo te vòlè trèz atefak kiltirèl nan Etiopi, pandan batay ki te genyen ant de peyi yo. Atefak yo te retounen nan peyi Etiopi apre plizyè mwa negosyasyon.

Apre yon syèk edmi, trèz atefak Etyopyen yo te tounen lakay yo. Dapre ofisyèl yo, atefak yo fè pati listwa peyi Etiopi.

Nan yon konferans pou laprès Minis Touris Nasise Chala te prezante atefak kiltirèl yo nan Addis Abeba.

"Ansyen istwa sivilizasyon peyi nou an, atefak sa yo, anprent dwèt konesans endijèn yo, kilti ak valè yo te piye pandan lagè a, e te gen kontrebann ki te pèmèt yo soti ilegalman nan peyi a. Nou jwenn anpil nan trezò nou yo nan mize plizyè peyi, ak enstiti rechèch nan mond lan."

Pami objè patikilye sa yo, gen ladan yon kwa pwosesyon òneman ki dekri Krisifiksyon Jezi Kri a, ke yo te volè nan ane1868 apre batay Maqdala ant anpi Britanik ak peyi Etiopi.

Teferi Meles ki se anbasadè peyi Letiopi ann Anglete, te di ke anpil nan trezò yo te lokalize nan Grann Bretay.

"Li pa t posib pou yo retounen tout nan yo. Sepandan, trezò sa yo ki retounen fè pati sa ki pi enpòtan yo.

Men travay la poko fini.

Teferi di Etiopi ap negosye ak Mize Britanik la pou retounen 12 objè ke yo rele (tabot).

Mize Britanik yo gen lontan yap fè rezistans kont kanpay pou voye retounen travay atistik yo.

XS
SM
MD
LG