Apre rankont ki fet nan Lamezon Blanch madi 16 me 2017 la ant Prezidan Donald Trump ak Prezidan tirk la Recep Tayyip Erdogan lidè yo chante lwanj pou fòs relasyon ki egziste ant 2 peyi yo.
Sepandan, 2 prezidan yo eskive mezantant yo genyen sou kesyon pou konen kijan pou yo afwonte ekstremis Eta islamik yo nan nò Siri. Ni Prezidan Trump, ni Prezidan Erdogan, yo tou lè 2 dekri relasyon bilateral yo kom relasyon ki solid.
Prezidan ameriken an di , "Nou gen yon bon jan relasyon e nou pral fè l pi bon toujou."
Pou lidè Tirk la kowoperasyon ant 2 peyi yo trè zenpòtan pou lemond e pou yon ekspansyon relasyon ekonomik e militè ant 2 peyi yo.