Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Yon Ensidan Aeryen Kreye Gwo Tansyon ant Peyi Tiki ak Lasiri


Sòlda yo nan ayewopò nan Gaziantep, Latiki, kap pote sèkèy yon sòlda Tik ki mouri nan yon atak aeryen kote Tiki akize Lasiri dèske se li ki responsab atak sila a. 24 novanm, 2016.
Sòlda yo nan ayewopò nan Gaziantep, Latiki, kap pote sèkèy yon sòlda Tik ki mouri nan yon atak aeryen kote Tiki akize Lasiri dèske se li ki responsab atak sila a. 24 novanm, 2016.

Avyon konba F-16 peyi Tiki te kanpe an standby jodi jedi 24 novanm 2016 la apre Tiki te akize gouvènman siryen an kòmkwa li te lanse yon frap aeryen sou twoup militè tirk kap opere nan nò Siri, ki lakoz 3 solda pèdi lavi yo e 10 lòt blese, youn nan yo grav.

Diplomat loksidan eksprime kè-sote yon frap aeryen ke yon avyon atak leje L-39 Albatros nan avyasyon militè Siri a ta lanse pandan lannwit yè swa, make yon viraj danjre anpil nan evènman kap dewoule depi 5 lane nan konfli Siri a. Dapre diplomat yo, dènye devlopman sa a riske fè Siri ak Tiki antre nan yon gwo lese-frape.

Nan koumansman, Tiki te akize gwoup Eta Islamik la pou lanmò kèk solda nan bouk al-Bab nan nòdès Alèp. Jodi a lame tik la lage responsablite a sou do avyasyon militè Siri a.

XS
SM
MD
LG