Accessibility links

Breaking News

Direktè Jeneral OMS la, Tedros A. Ghebreyesus, Lanse yon Pinga kont "Politizasyon Pandemi an ..."


Tedros Adhanom Ghebreyesus, Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS).
Tedros Adhanom Ghebreyesus, Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS).

Nan yon deklarasyon Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante a (OMS), Tedrom Adhanom Ghebreyesus, fè nan jounen jedi 23 jiyè a, li lanse yon avètisman kont sa li rele “politizasyon pandemi kowonaviris la”. Se yon fason pou D.G. OMS la rejte kòmantè Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, te fè nan menm jounen an kote li lanse lide kòmkwa Lachin ta achte Misye Tedros.

Nan yon atik jounal The Times te pibliye nan vil Lond mèkredi 22 jiyè a, li fè konnen chèf diplomasi amerikèn nan te rankontre kèk manm palman Grann Bretay la nan chita-tande ki te dewoule ak tout pòt fèmen, pou yo te abòde dosye a nan okazyon yon vizit Misye Pompeo t ap fè nan kapital britanik la sa gen 2 zou 3 jou semèn sa a. Selon atik la, Misye Pompeo di palmantè yo, dapre kèk enfòmasyon sekrè li genyen a dispozisyon li, gouvènman chinwa a achte Tedros Ghebreyesus, e eleksyon li nan tèt Òganizasyon Mondyal Lasante a an 2017 koze lanmò plizyè sitwayen britanik.

Direktris Operasyon Teknik OMS la, Maria van Kekhov, ki reyaji li menm tou sou deklarasyon chèf diplomasi amerikèn nan, fè konnen se yon onè ak yon privilèj pou li deske li gen chans ap travay avèk Misye Tedros Ghebreyesus depi nan kòmansman pandemi an.

XS
SM
MD
LG