Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Bret Pran Direksyon Es Karayib la


Satelit NOAA kapte maj GeyoKoule sa a de Tanpet Twopikal Bret kap travese es Karayib la, 20 Jyen 2023.
Satelit NOAA kapte maj GeyoKoule sa a de Tanpet Twopikal Bret kap travese es Karayib la, 20 Jyen 2023.

Tanpèt Twopikal Bret pran direksyon ès Karayib la nan moman meteyolojis yo kwè li taka pran fòs epi tounen yon ouragan anvan li pwoche rejyon an. Moun nan zòn sa a ap fè preprasyon sizoka move tan an pran anplè.

Bret pote avè l van kap soufle ak yon vitès 112 kilomèt alè. Lap travèse Oseyan Atlantik la ak yon vitès 27 kilomèt alè.

Meteyowolojis yo atann yo aske li pran fòs epi tounen yon ouragan nan jou kap vini yo men febli nan moman li pwoche Ti Antiy yo.

Sant Nasyonal Ouragan an nan Miami, di move tan an taka lage gwo lapli sou zile nan ès Karayib la Jedi ak Vandredi, lè li pran fòs yon ouragan.

XS
SM
MD
LG