Accessibility links

Breaking News

Atyiti: Omwen 42 moun mouri, plizyè milye san abri apre inondasyon te frape Peyi a


HAITI-FLOODS/
HAITI-FLOODS/

Otorite nan peyi dAyiti fè konnen nan dat lendi 5 jen, gwo lapli lakoz inondasyon nan plizyè zòn, kote omwen 42 moun pèdi lavi nan 2 jou ki pase yo epi plizyè douzèn lòt disparèt ak blese.

Dapre nouvèl yo dlo inondasyon anvayi plis pase 13,600 kay.

Nan vil Leogane ki nan depatman lwès la, dlo te kouvri lari a, kote anpil moun t ap chache rad yo ke dlo a te pase pran sou wout li.

VOA Kreyol Sou Plas: Viktim Inodasyon Leogane Mande 'Kote Asistans Leta?'
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:22 0:00

Phania Cange ki se yon viktim fè konnen "Mwen pèdi yon timoun 5 an. Mwen te riske pèdi 2 timoun, men Bondye te kite lòt la pandye nan yon pye bwa. Mwen sove youn, men mwen pèdi youn kanmenm. Dlo ale ak kay mwen an.”

Nan lopital St. Croix, moun nan lokalite yo te ede wete dlo ki te anvayi sal datant yo.

Kabann ak lòt objè yo te rete kanpe nan chanm ke dlo anvayi, pandan yo te mete kèk lòt kabann deyò nan solèy pou yo seche.

Ajans pwoteksyon sivil la di sou Twitter lendi ke kantite moun ki mouri depi dimanch 4 jen apre inondasyon an ogmante, e ke gen divès kote nan peyi a ki frape, antwòt toupre kapital la Pòtoprens.

Inondasyon touye moun nan moman Ayiti ap fè fas ak yon sityasyon ki deja difisil akoz vyolans gang ame yo ki ap fè ravaj nan peyi a.

Ajans èd yo bay popilasyon an manje, apre responsab pwoteksyon sivil yo te avèti pandan wikenn nan ke sektè agrikòl la pran anpil frap nan kèk pati nan peyi a.

Lapli tonbe nan kòmansman sezon siklòn pou rejyon Oseyan Atlantik la, ki tanmen nan mwa jen pou rive nan mwa Novanm.

XS
SM
MD
LG