Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Deziye Ex-PM Ayisyen Laurent Lamothe pou Koripsyon


Lamothe on the crisis in haiti
Lamothe on the crisis in haiti

Sekretè Deta Etazini Laurent Lamothe pibliye yon nòt de près 2 Jyen ki anonse deziyasyon ex-premye minis ak minis planifikasyon kowoperasyon ekstèn Ayisyen Laurent Lamothe pou koripsyon.

Blinken di mezi sa a rann Lamothe inelijib pou l antre Etazini.

Etazini akize Lamothe dèske li te detounen omwens $60 milyon leta Ayisyen te rezève pou envesti nan enfrastrikti nan kad pwojè PetroCaribe a. Nòt pou laprès la kontinye pou di atravè zak koronpri sa a ansanm ak patisipasyon dirèk li nan jestyon fon PetroCaribe a Lamothe te eksplwate wòl li antanke fonksyonè leta epi kontribye a enstabilite Ayiti.

Lamothe te reyaji a akizasyon an sou kont ofisyel Twitter li, 3 Jyen. Li pibliye yon nòt de pres ki di li rejte ak tout fòs li deziyasyon Depatman Deta a. Li kontinye pou l di: "Malerezman desizyon Sekrete Deta Anthony J. Blinken nan pa baze sou okenn fe, men pito tripotaj ki date de epòk kote Lamothe te premye minis ant 2012 ak 2014. O fet nan rapo li te pibliye e remet bay Kongre Etazini nan mwad Novanm 2022, Depatman d Eta te souliyen oken fon pat disparet, jan yo te idantifye sa nan rapò PetroCaribe a."

Ex-premye minis la akize Depatman d Eta deske nouvo sanksyon sa yo ede opozan politik li yo an Ayiti ke menm rapo sa a vize. Lamothe di li gen entansyon defye deziyasyon Depatman Deta a devan tribinal pou mete verite deyò, epi reyuni ak fanmi li.

Sekrete Blinken di nan not de pres li, Etazini kontinye apiye "sitwayen, òganizasyon ak fonksyone leta Ayisyen ki pran angajman pou jenere espwa ak kreye opòtinite pou pep la ka gen yon pi bel avni."

Li ajoute: "Etazini pral kontinye travay pou fe moun ki abize pouvwa yo pou pwòp pwofi yo pran responsabilite."

Depatman d Eta di deziyasyon Lamothe la tonbe nan kad yon seri aksyon ki vize fe moun ki ankouraje zak vyolans, bloke sipò imanite epi anrichi tet yo sou kont pep Ayisyen an - pran responsabilite pou aksyon yo.

XS
SM
MD
LG