Accessibility links

Breaking News
Azi

Sri Lankè yo Anvayi Palè Prezidansyèl la Epi Pran Selfie


Pèp Sri Lanka anvayi rezidans ofisyèl Prezidan Gotabaya Rajapaksa pou dezyèm jounen youn apre lòt nan Colombo, Sri Lanka, Lendi 11 Jiyè, 2022.
Pèp Sri Lanka anvayi rezidans ofisyèl Prezidan Gotabaya Rajapaksa pou dezyèm jounen youn apre lòt nan Colombo, Sri Lanka, Lendi 11 Jiyè, 2022.

Pèp peyi Sri Lanka anvayi rezidans prezidansyèl la ak lot bilding ofisyèl yo nan sa ki reprezante yon chanjman dramatik apre manifestasyon ki dire yon mwa ki boulvèse peyi a epi debouche sou demisyon prezidan an.

Pandan plizyè moa manifestan te enstale yo devan biwo Prezidan Gotabaya Rjapaksa nan kapital la , epi mande’l rache manyòk poutèt li mal jefe ekonomi an.

Anpil moln akize Rajapaksa ak fanmi boujwa li ki gen anfiel pouvwa de kowipsyon ak erè politik ki plonge zile a nan kriz ekonomik pi grav li janm konstate.

Pèp la finn pèdi pasyans pandan mwa ki pase yo paske kriz la koze rate gazolin, medikaman, ak lwil pou kwit manje.

XS
SM
MD
LG