Accessibility links

Breaking News
Azi

Sri Lanka: Manifestan Kontinye Okipe Rezidans Ofisyèl Prezidan an Jouk li Kite Pouvwa a

Protesters, many carrying Sri Lankan flags, gather outside the presidents office in Colombo, Sri Lanka, July 9, 2022. Sri Lankan protesters stormed President Gotabaya Rajapaksa's residence and nearby office on Saturday as tens of thousands of people took

Manifestan nan peyi Sri Lanka deklare ayè dimanch la y ap kontinye okipe rezidans ofisyèl prezidan ak premye-minis la nan kapital la Kolonbo jouk otorite sa yo kite pouvwa a.

Plizyè milye manifestan te anvayi rezidans chef sa yo samdi a. Yo piye kay Prezidan Gotabaya Raja-paksa e mete dife nan kay Premye-minis Ranil Wickremesinghe nan moman pèp la move kou kong akoz yon kriz ekonomik ki la depi dè mwa.

Prezidan an ak premye-minis la depi lè a dakò pou yo bay demisyon yo 13 Jiyè pou asire yon tranzisyon pouvwa pasifik.

Sepandan, manifestan reklame pou yo rache manyòk yo touswit. Sòlda te mennen prezidan an ale yon kote sekrè pou sekirite li anvan manifestasyon masif yo te tanmen.

XS
SM
MD
LG