Yon gwoup medsen soudanè di gen 5 moun ki mouri e plizye lòt blese grav nan yon jou manifestasyon ki te dewoule kont gouvènman militè a nan Soudan.
Plizyè dizèn milye manifestan te defile atravè peyi a dimanch 30 jen 2019 pou mande yon gouvènman sivil prèske 3 mwa apre lame te fòse lidè gwo ponyèt Omar al-Bashir kite pouvwa a.
Protestatè yo mande jeneral yo ki te pran pouvwa-a pou yo kite plas la pou sivil yo.