Accessibility links

Breaking News

Ajans Nasyon Zini pou Refijye Fè konnen Gen 70 Milyon Moun nan Mond la Ki Deplase Akoz Lagè


Migran Venezuela akp pran wout Kolonbi.
Migran Venezuela akp pran wout Kolonbi.

Ajans Nasyon Zini pou refijye rapòte gen prèske 71 milyon moun nan le mond antye ki fòse deplase akoz lagè, pesekisyon ak konfli. Chif sa a se nivo ki pi elve li janm rive depi kreyasyon ajans la sa gen prèske 70 zan.

Ajans Nasyon Zini pou refijye a konsidere chif plis pase 70 milyon an kòm chif konsevatè paske kriz Venezuela a pa yon faktè. Ajans la estime gen prè de 4 milyon sitwayen Venezyela ki kouri kite peyi yo, men pifò nan yo
se ti moun.

Plis pase 41 milyon moun te deplase an dedan peyi yo menm. Dapre rapò a, plis pase 2 tyè nan tout refijye nan le mond antye soti nan 5 peyi, Siri Afghanistan, Soudan Sid, Myanmar, ak Somali.

XS
SM
MD
LG