Accessibility links

Breaking News

Sextape: Yon Ane Prizon pou Benzema

Real Madrid's French forward Karim Benzema reacts during the UEFA Champions league Group A football match between Real Madrid and Club Brugge at the Santiago Bernabeu stadium in Madrid on October 1, 2019.

Yon Tribinal nan peyi Lafrans te jwenn Karim Benzema koupab de konplisite nan tantativ pou fè chantaj kont yon ansyen koekipye entènasyonal Mathieu Valbuena.

Tribinal Versailles mande pou Benzema peye yon amann 75,000 ero ($ 84,170 dola Ameriken) epi li te bay lòd pou l peye ansyen koekipye Mathieu Valbuena 80,000 ero pou kouvri frè legal li, anplis 150,000 ero domaj.

Avoka Benzema a te di ke yo pral ann apèl kont yon desizyon sa a. Benzema, ki te demanti aksyon sa yo, pa t nan tribinal.

Didier Deschamps te deklare ke kondanasyon Karim Benzema nan "zafè sextape la" pa ta dwe konpwomi avni entènasyonal la nan ekip franse a. Ekip Foutbol la ap prepare l pou koup du mond 2022 an.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG