Twazyèm senatè Depatman Sid Ès la, Joseph Lambert, lanse apèl pou l mande pati konsène yo chache jwenn yon konsansis sou fòmasyon yon nouvo gouvènman.

Pandan Misye Lambert t ap vizite vil Gonayiv madi 27 mas 2012 la, li mande, antwòt, 2 lòt bagay : piblikasyon tèsk konstitisyon amande a, avèk fòmasyon konsèy elektotal pèmanan an, jan konstitisyon an mande l la.


Senatè Lambert te ale nan Site Endepandans la pou l patisipe nan 2èm kongrè anyèl Pati Ayiti ann Aksyon. Nan okazyon an, delege yo chwazi Senatè Yury Latortue pou l dirije pati a pandan 4 ane k ap vini la yo.


Klike sou lyen ki pa anlè a pou w koute yon repòtaj korespondan nou Alfred Jean.