Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 2 Komisyon Espesyal Sena a ap Etidye Dosye Premye Minis Deziye a


2 komisyon espesyal nan sena ayisyen an ap travay nan tèt ansanm pou akselere analiz dosye premye minis deziye a, Laurent Salvador Lamothe.

Prezidan Sena a, Dieu Seul Simon Desras, di komisyon an ap travay 24 sou 24 pou wè si mesye Lamothe reponn ak egzijans konstitisyonèl yo.

Li kontinye pou l di komisyon yo gen 15 jou anvan yo soumèt rapò yo, ann atandan, y ap tann pou mesye Lamothe finn soumèt tout paspò orijinal li yo paske yo sèlman gen foto kopi kèk nan yo.

Klike sou lyen ki pa anlè a pou plis presizyon avèk prezidan sena a, senatè Dieu Seul Simon Desras.

XS
SM
MD
LG