Kowòdonatè Oganizayon Nasyon Zini ann Ayiti pou zafè èd imanitè, Nigel Fisher, lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou l mande 54 milyon dola asistans dijans pou peyi a anvan sezon siklonik la rive.

Daprè Misye Fisher, nouvo sezon an menase plizyè santèn milye moun k ap viv anba tant toujou, plis pase 2 zan aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la.