Accessibility links

Breaking News

Ban Ki-moon Mande yon Bon Jan Repons Entènasyonal Fas ak Sitiyasyon an nan Siri


Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon
Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon lanse apèl pou mande yon bon jan repons entènasyonal pou operasyon vyolan k ap fèt sou opozan yo nan peyi Siri.

Msye Ban akize prezidan siryen an, Bashar al-Assad deske l ap fè vyolans lan ak represyon vale teren nan peyi a; e li iyore apèl ki lanse pou leta sispann patwone vyolans sa a.

Chèf Nasyonzini an di : “Sèt-ase” poutèt msye Assad toujou pa respekte pwomès pou l fè refòm nan Siri.

Byen bonè jedi 15 septanm 2011 la, militan opozisyon siryen yo te anonse nan Istanboul nan peyi Turki, fòmasyon yon konsèy pou prezante yon Fwon Uni kont msye Assad.

Yo di konsèy la ap gen ladann 140 manb e mwatye nan kantite sa a ap viv nan peyi Siri.

XS
SM
MD
LG