Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen Konsèy Sekirite Nasyon Zini an pa satisfè responsablite li lè li pa rive adopte yon rezolisyon ki kondane Siri poutèt operasyon sere-boulon brital gouvènman peyi sa a lanse kont popilasyon sivil la.
San chèf diplomasi amerikèn nan pa site non Larisi ak Lachin, li di 2 peyi sa yo dwe eksplike pèp siryen an poukisa yo poze veto yo sou pwojè-rezolisyon-an. Madi pase a, vrèman vre, Moskou ak Peken te deside bloke yon pwoje-rezolisyon ki te mande sanksyon kont rejim Damas la.