Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an, Hillary Clinton, Ap Vizite Afrik de Lwès


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, twouve l nan Afrik de Lwès kote lap vizite, antwòt, peyi Kot Divwa kote li rankontre ak prezidan ivwaryen an, Alassane Ouattara
Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, twouve l nan Afrik de Lwès kote lap vizite, antwòt, peyi Kot Divwa kote li rankontre ak prezidan ivwaryen an, Alassane Ouattara

Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, twouve l nan Afrik de Lwès kote lap vizite, antwòt, peyi Kot Divwa.

Chèf diplomasi amerikèn nan deja rankontre ak prezidan ivwaryen an, Alassane Ouattara, pou yo te pale de efò k ap fèt pou tabli rekonsilyasyon ant diferen sektè sosyete peyi a aprè divizyon ki te sòti nan eleksyon prezidansyèl konteste ane pase a.

Misye Ouattara pale de evolisyon pwosesis rekonsilyasyon an ak travay gouvènman n nan ap fè pou li kore efò rekonsilyasyon yo.

Sekretè Deta Clinton di li pran ak de angajman Prezidan Alassane Ouattara pran pou l rekonsilye pèp ivwaryen an; daprè chèf diplomasi Lèzetazini an, chemen gouvènman an ap swiv la se sèl mwayen pou li pote rekonsilyasyon vrèman nan Kot Divwa.

Madam Clinton di:

“Nou panse tout sitwayen ivwaryen ta renmen wè eta-de-dwa a ap byen fonksyone, menm jan yo ta vle wè peyi a genyen yon jistis ki san paspouki.”

Sitwayen ivwaryen ki fè kòmantè sou visit sa a fè konnen yo espere li pral pote yon bourad pou efò peyi a ap deplwaye pou l atire envestisman konpayi amerikèn yo –pami yo genyen gwo konpayi agrikòl ki rele Archer Daniels Midland and Cargill.

Madam Clinton te tanmen toune sa a nan pati lwès kontinan afriken an avèk yon vizit nan peyi Liberya kote li te asiste seremoni prestasyon sèman Madam Ellen Johnson Sirleaf, ki te ranpòte yon lòt manda kòm prezidan peyi wès afriken an.

XS
SM
MD
LG