Accessibility links

Breaking News

Se Aparèy Kap Kenbe Aktris Anne Heche an Vi Apre yon Gwo Aksidan Oto


Foto Achiv: Aktris Anne Heche nan yon fet magazin Variety oganize nan Beverly Hills, Kalifoni, 15 Oct. 2012.
Foto Achiv: Aktris Anne Heche nan yon fet magazin Variety oganize nan Beverly Hills, Kalifoni, 15 Oct. 2012.

Yon pòt pawòl pou aktris Anne Heche di se aparèy kap kenbe li vivan apre yon gwo blesi nan sèvo li sibi nan yon aksidan otomobil kote machin nan te pran dife. Pòt pawòl la di yo pa atann yo aske lap siviv.

Li pibliye deklarasyon sa a pou fanmi aktris la epi di yap kenbe'l vivan pou detèrmine si li se yon donatè ògan ki vyab.

Pi bonè Jedi, lapolis te di yo tap mennen ankèt sou Heche, paske yo kwè li te pran dwòg anvan li te monte dèyè volan an.

Heche fè kolizyon ak yon kay nan Los Angeles 5 Out. Yon pòt pawòl lapolis di Jedi detektiv yo te jwenn yon manda pou yo pran yon echantiyon san Heche, e ke yo te jwenn nakotik nan san li.

Yon pòt pawòl pou Heche derefize fè komantè sou ankèt la.

XS
SM
MD
LG