Accessibility links

Breaking News

Aktris Anne Heche nan Kondisyon Kritik Apre yon Aksidan Oto


Foto Achiv: Aktris Anne Heche.
Foto Achiv: Aktris Anne Heche.

Aktris Anne Heche rete kouche lopital kote se yon aparèy kap ede'l respire, 4 jou apre li te blese nan yon aksidan kote machin ni te pran dife.

Yon pòt pawòl aktris la di li nan koma e ke kondisyon li kritik. Heche gen sa pòt pawòl la dekri tankou yon blesi poumoun "grav" ak boule sou kò li ki te mande chiriji.

Vandredi pase a nan Los Angeles, machin Heche la te fe kolizyon ak yon kay. Apre sa yon dife te pete e se ponpye ki te oblije rale Heche soti nan machin nan, ki te antre nan kay la.

Heche parèt nan plizye film sinema ak pwogram televizyon. Li te poukont li nan machin nan. Okenn lòt moun pat blese nan aksidan an.

XS
SM
MD
LG