Accessibility links

Breaking News

Salvadò: Prezidan Nayib Bou-Kele Bat Bravo pou Relasyon Peyi li ak Lèzetazini


Rankont Chèf diplomasi amerikèn nan Mike Pompeo ap prezidan El Salvador Nayib Bou-Kele. 21 jiyè 2019. Foto: REUTERS/Jose Cabezas -
Rankont Chèf diplomasi amerikèn nan Mike Pompeo ap prezidan El Salvador Nayib Bou-Kele. 21 jiyè 2019. Foto: REUTERS/Jose Cabezas -

Nan Salvadò, Prezidan Nayib Bou-Kele bat bravo pou yon nouvo chapit ki ouvè nan relasyon peyi li avek Lèzetazini; li remèsye Sekretè Deta Mike Pompeo deske li se premye chef dipomasi amerikèn ki vizite peyi l la nan yon dizèn lane.

Bò kote pa l, Sekretè Deta Pompeo fè gwo konpliman pou Misye Bou-Kele poutèt li fè yon viraj an direksyon Lèzetazini. Misye Pompeo deklare:"Avèk nouvo leadership li a, peyi Salvadò fè yon chwa byen klè pou l konbat koripsyon, fè pwomosyon pou lajistis epi travay kòm patnè Lèzetazini; e tou lè 2 pèp yo ansanm pral rekolte benefis partnership sa a.

" Sekretè Deta a te kontinye pou l felisite Peyi Salvadò poutèt li deklare li pa rekonèt sa prezidan Nayib Bou-Kele rele "rejim kowonpi Maduro a" kòm gouvènman lejitim Venezuela.

XS
SM
MD
LG