Accessibility links

Breaking News

Rodolphe Jaar Plede Non Koupab a Akizasyon La Jistis Amerikèn an Koneksyon ak Asasina Prezidan Jovenel Moise la


Foto Achiv: Premye Dam Martine Moise asiste yon evenman nan memwa defen mari li, Prezidan Jovenel Moise nan mize Pantheon Nasyonal la nan Potoprens, 21 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Premye Dam Martine Moise asiste yon evenman nan memwa defen mari li, Prezidan Jovenel Moise nan mize Pantheon Nasyonal la nan Potoprens, 21 Jiye, 2021.

Youn nan sispèk kle an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise ane pase a plede non koupab devan yon tribinal federal nan Miami.

La jistis Ameriken akize biznisman Rodolphe Jaar dvske li te konplote pou komèt yon asasina oubyen kidnaping andeyo Etazini e ke li te founi asistans materyèl ki te rezilte nan lanmo yon moun.

Si yon tribinal jwenn ni koupab, Jaar ap fè fas ak yon santans maksimom pou'l pase rès vi li nan prizon.

Yon Jij Chris M. McAliley te aksepte pledwari Jaar la Mèkredi pandan yon odisyon ki dire mwenske 5 minit. Li aksepte tou demann misye fè pou yon pwosè.

Jaar gen 49 an e li gen nasyonalite Ayisyèn ak Chilyèn. Yo te arete'l nan Repiblik Dominikèn. Li pat pale pandan odisyon an. Avoka li, Frank Schwartz mande gouvènman an prezante tout prèv li genyen kont misye.

Pledwari a fèt prèske yon lane jou pou jou apre asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Ka la jistis Ameriken nan Miami an sible 3 akize: Jaar, ansyen senatè Ayisyen John Joel Joseph epi ex-solda Kolonbyen Mario Palacios. Pandansetan, gouvènman Ayisyen an arete plis pase 40 moun kom konplis nan asasina a - pami yo 18 solda kolonbyen.

Pandansetan, Jaar rete fèmen nan yon prizon federal nan Sid Florid depi li te rive Ozetazini apre transfè li soti nan Repiblik Dominikèn nan mwad Janvye a.

Dapre otorite Ameriken yo, Jaar te bay konsantman'l pou yo transfere li Miami pou fè fas ak akizasyon yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG