Accessibility links

Breaking News

Yon Sispèk nan Atak ak Kouto nan Canada a Touye Tèt li


Lapolis ak ankete sou sen kote yo arete yon sispek an koneksyon ak atak ak kouto ki te dewoule nan pwovens Saskatchewan, Mekredi 7 Sept. 2022.
Lapolis ak ankete sou sen kote yo arete yon sispek an koneksyon ak atak ak kouto ki te dewoule nan pwovens Saskatchewan, Mekredi 7 Sept. 2022.

O Kanada, yon responsab fè konnen dènye sispèk yo t ap chache aprè atak ak kouto ki te ravaje yon rezèv endyen touye tèt li apre lapolis te kwense machin li sou yon otowout.

Lapolis di yo te bare Myles Sanderson, ki gen 32 zan, tou pre vil Rosthern, nan pwovens Saskachewan. Ajan polis yo t ap reponn yon apèl yo te resevwa e ki te rapòte yon moun ak yon kouto te volè yon machin.

Yon polisye ki familye ak kesyon an di yo te kwense machin Sanderson t ap kondui a jis tan li kite wout la.

Responsab la di sispèk la touye tèt li, men li pa bay okenn enfomasyon presi sou ki kalite blesi ki koze lanmò Sanderson.

XS
SM
MD
LG