Accessibility links

Breaking News

Canada: 10 Moun Mouri nan yon Atak ak Kouto, Sispèk yo Nan Mawon

Foto Konbinezon ke Lapolis Wayal Kanada remet bay lapres montre Damien Sanderson (gosh) epi Myles Sanderson, ke yo idantifye kom sispek nan atak ak kouto ki fet nan pwovens Saskatchewan., 4 Sept. 2022.

Yon seri atak ak kouto vize yon kominite Endijèn ak yon lot bouk ki tou pre a nan pwovens Kanadyen ki rele Saskatchewan. 10 moun mouri e 15 lot blese dpare lapolis Kanadyen. Yap chache 2 sispèk.

Atak yo dewoule plizyè kote nan James Smith Cree Nation epi vilaj ki rele Weldon nan, o nodès Sakatoon.

Rhonda Blackmore ki se assistan Komisè RCMP Saskatchewan nan di kèk pami viktim yo sanble se moun sispèk yo te vize ekspre men gen lot sanble se o aza yo te atake yo yomenm.

Li patka di kisak te motive atak sa yo. Blackmore di gen 13 sèn kote krim dewoule kote ki gen swa kadav moun oubyen se lye kote yo te jwen viktim ki blese.

XS
SM
MD
LG