Accessibility links

Breaking News

Lapolis Canada Ansèkle yon Kay kote yo Kwè Sispèk Atak ak Kouto a Kache


Lapolis Kanada antoure yon rezidans nan James Smith Cree First Nation, ki se yon rezev moun Endijen nan Saskatchewan, Kanada, 6 Sept. 2022.
Lapolis Kanada antoure yon rezidans nan James Smith Cree First Nation, ki se yon rezev moun Endijen nan Saskatchewan, Kanada, 6 Sept. 2022.

Moun te gen gwo kè sote Madi sou yon rezèv moun Endijèn yo nan pwovens Kanadyen ki rele Saskatchewan nan, kote lapolis lanse avètisman pou di li posib yon sispèk yap chache an koneksyon ak atak ak kouto yo kache nan zòn nan.

Sitwayen nan James Smith Cree First Nation resevwa lòd pou yo rete lakay yo.

Yon jounalis Associated Press te wè moun ap kouri epi rele apre lapolis te bloke wout epi rale zam ozalantou yon kay.

Pi ta Madi, yon polisye ki ranseye sou sak tap pase te di sanble yo te twonpe yo.

Responsab la pale sou kondisyon pou yo pa site non li paske li pat gen otorizasyon pou'l pale piblikman sou kestyon an.

Li poko klè si sispèk la, Myles Sanderson, te janm nan zòn nan.

XS
SM
MD
LG