Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Larisi Fè Konnen Lese-frape yo Bese Nan Peyi Siri

Sekretè Deta Lèzetazini, John Kerry (premye plan nan mitan) ak reprezantan Lafrans, Grann Bretay, Almay, Itali, Arabi Saoudite, Emira Arab Ini, Katar, Jòdani, nTurki ak Inyon Ewopeyòn nan pandan yon reinyon sou konfli nan Siri a. Paris, Frans, 9 me 2016,

Lèzetazuni ak Larisi anonse efò yo tèt ansanm yo pou kalme rebelyon an nan Siri debouche sou yon gwo bès nan batay kap dewoule nan kèk rejyon peyi sa a; sepandan gen anpil defi ki rete pou yo leve toujou . Nan yon kominike konjwen 2 peyi yo pibliye, yo fè konnen konba kap dewoule ant twoup rejim siryen an ak konbatan rebel yo subi yon gwo bès nan zòn nò Latakie ak nan pati Lès Ghoula -- 2 rejyon ki antre nan kad seselfe Lèzetazuni ak Larisi te jwenn nan Konfli siryen-an, nan mwa avril ki sòt pase a. Kominike a kontinye pou l di: Nou rekonèt difikilte ki egziste pou mete fen nan ostilite kap kontinye nan plizyè rejyon Siri espesyalman nan espas tan ki fèk sot pase la a.

XS
SM
MD
LG