Accessibility links

Breaking News

Pwosè Alye Trump, Bannon nan Prèske Fini


Ansyen stratèj Lamezonblanch Steve Bannon rive nan tribinal federal Washington nan, Vandredi 22 Jiyè, 2022.
Ansyen stratèj Lamezonblanch Steve Bannon rive nan tribinal federal Washington nan, Vandredi 22 Jiyè, 2022.

Agiman final yo nan pwosè mepri Kongrè alye Trump la, Steve Bannon, sipoze dewoule Vandredi. Gen anpil chans pou jiri a komanse deliberasyon li yo pi ta Vandredi.

Bannon ap fè fas ak posibilite pou"l pase 2 zan nan prizon si yon jiri jwenn ni koupab pou 2 chèf akizasyon ki gen rapo ak desizyon li pou'l refize parèt devan yon komite La Chanm dè Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye 2021 kont Capitol la ak evenman ki te presede atak la.

Bannon pat vle temwaye devan tribinal la Jedi, e avoka li yo pat rele okenn temwen. Yo te di jij la pito ke li ta dwe kite akizasyon yo tonbe.

Ekip Bannon nan di avoka akizasyon yo pa pwouve ka yo kont ansyen konseye ex-Prezidan Donald Trump.

XS
SM
MD
LG