Accessibility links

Breaking News

Seleksyon Juri a Tanmen pou Pwose ex-Konseye Trump, Steve Bannon


Foto Achiv: Ansyen stratej Lamezonblanch Steve Bannon pale ak jounalis yo apre li kite yon tribinal federal nan Washington, 15 Nov. 2021.
Foto Achiv: Ansyen stratej Lamezonblanch Steve Bannon pale ak jounalis yo apre li kite yon tribinal federal nan Washington, 15 Nov. 2021.

Seleksyon juri a komanse nan pwosè ansyen konseye prezidansyèl Donald Trump la, Steve Bannon.

Bannon ap fè fas ak akizasyon kriminèl Kongrè Etazini lanse kont li pou
mepri apre li te derefize pandan plizyè mwa pou'l kowopere ak komite La Chanm dè Reprezantan kap mennen ankèt sou atak kont Capitol la.

Nan pwosè a, ki tanmen Lendi, Bannon pral oblije defann tèt li nan tribinal federal pou aksyon li te poze pou defye yon demann Kongrè a pou'l founi ba yo dokiman ak temwayaj.

Bannon se youn nan alye ansyen Prezidan Donald Trump moun pi konnen, ki te refize temwaye devan komite a.

Si tribinal la jwenn ni koupab sou chak chèf d'akizasyon, li taka gen pou'l pase ant 30 jou ak yon ane nan prizon.

XS
SM
MD
LG