Accessibility links

Breaking News

Putin Sèmante pou'l Kontinye Envazyon an Jiskaske li Atènn Objektif li


Prezidan Ris la Vladimir Putin pandan yon vizit nan Vostochny, nan es La Risi, Madi 12 Avril 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pandan yon vizit nan Vostochny, nan es La Risi, Madi 12 Avril 2022.

Vladimir Putin sèmante Madi ke ofansiv kote anpil san koule lap mennen nan Ikrèn nan pral kontinye jiskaske li atenn objektif li. Putin ensiste pou di kanpay la ap pwogrese jan yo te prevwa'l la, malgre gwo retrè twoup Ris yo fè fas ak rezistans opozisyon Ikrenyen an epi gwo pèt lavi.

Ikrèn anpeche twoup Ris yo avanse sou kapital la, Kyèv e kounyea yap konsantre sou rejyon Donbas la nan ès peyi a.

Ikrèn deklare Madi lap envestige nouvèl ki di twoup Ris yo te sèvi ak yon sibstans anpwazone nan zon sa a.

Li poko klè kisa sibstans la ta ye, men responsab Oksidantal yo lanse avètisman pou di si La Risi te sèvi ak zam chimik, li pral fè fas ak yon ogmantasyon grav e serye yon lagè ki deja devaste Ikrèn.

XS
SM
MD
LG