Accessibility links

Breaking News

Volodymyr Zelenskyy: 'LaRisi Sèvi ak Zam Chimik nan Ikrèn '


UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT
UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT

Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelenskyy fè konnen li krenn ke LaRisi te sèvi ak zam chimik nan Ikrèn e li ekzòte loksidan pou li mete plis sanksyon sevè kont LaRisi pou anpeche li sèvi ak zam konsa.

Misye pale konsa ayè lendi a nan mesaj ke li bay chak swa sou video pandan gen nouvèl ki pa konfime kòmkwa zam chimik ta sèvi deja nan vil Mariupol nan sid peyi a, ki anba syèj.

Sekretè Afè Etranjè Grand Bretay la Lizz Truss fè konnen peyi li okouran nouvèl sa yo e ke l ap travay ap patnè yo pou verifye detay yo.

Pòtpawòl Pentagòn John Kirby di Etazini pa ka konfime pou kounye a nouvèl ki pale de izaj zam chimik yo, men li deklare ke si se vre, sa ap bay gwo enkyetid.

XS
SM
MD
LG