Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Zelenskyy Denonse 'Plizyè Santèn Vyòl'


Des militaires montent au sommet d'un véhicule blindé de la Russie à Armyansk, en Crimée, le 25 février 2022. (Photo AFP/STRINGER )
Des militaires montent au sommet d'un véhicule blindé de la Russie à Armyansk, en Crimée, le 25 février 2022. (Photo AFP/STRINGER )

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy denonse "plizyè santèn ka vyòl" nan zòn kote lame Ris la te okipe, "ki gen ladann ti fi ak timoun piti anpil".

"Nan zòn yo libere nan men okipan yo, anrejistreman ak envestigasyon krim lagè Larisi komèt ap kontinye. Prèske chak jou yo jwenn nouvo fos komin," li te di, nan diskou devan palman Lityanyen an atravè videyo-konferans.

"Dè milye ak dè milye de viktim. Dè santèn de ka tòupizi. Nou kontinye jwenn kò nan tiyo yo ak kav, " prezidan Ikrenyen an te kontinye.

"Dè santèn de ka vyòl yo te anrejistre, ki gen ladann ti fi ak timoun piti. Menm yon ti bebe! Sa fè pè jis pale sou li, "prezidan an di ann Ikrenyen.

Li mansyone, san antre nan detay, yon videyo li resevwa, daprè li, pa yon parachit idantifye oswa yon manm nan sèvis espesyal Larisi, kote nou wè "sa l ap fè ti bebe sa a, ki jan l ap tòtire l".

Prezidan Lithuanyen an Gitanas Nauseda te reyaji emosyonèlman devan pawòl sa yo. "Li tou senpleman enposib pou imajine pi gwo laterè: Prezidan Zelenskyy te pale jodi a sou yon ti bebe yo te vyole," li te di.

Mesye Zelenskyy te deplore tou "kèk peyi Inyon Ewopeyen ki toujou pa oze deside ki lè yo pral menm limite acha idro-karbon Larisi", malgre "asasinay masiv nan Bucha, depòtasyon popilasyon yo" ak "destriksyon premedite nan vil pasifik pa misil Ris ak bonm".

Temwayaj medya yo rapòte laperèz ONG yo, ki montre endikasyon yo sèvi ak vyòl kòm yon "zam lagè".

Yon fanm Ikrenyen di AFP sòlda Ris te vyole li apre yo te aprann ke li se madanm yon sòlda Ikrenyen.

XS
SM
MD
LG