Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rejte Pawòl Komkwa li Aksepte Enfòmasyon sou Advèse Politik li nan Men Etranje


Prezidan Trump pandan li tap rankontre ak Prezidan Polòy la.
Prezidan Trump pandan li tap rankontre ak Prezidan Polòy la.

Ozetazini, Demokrat yo eksprime inkyetid apre ke Prezidan Donald Trump rejte pawòl ki fè kwè li aksepte enfòmasyon sou rival elektoral li yo nan men pouvwa etranje e li di aktivite sa yo pa rive nan enjerans nan sistem politik Etazini an.

Prezidan Trump di ABC NEWS nan yon entèvyou li te bay ye mekredi 12 jen an, "Mwen panse ou ka petet ap tande. Pa gen anyen mal nan tande." Li ajoute si yon moun rele de peyi Novèj -- li di: "Nou gen enfomasyon sou rival ou. Oh! mwen panse mwen ta renmen tande sa.

Lè yo mande prezidan Trump si li ta renmen jan de enteferans sa a nan prosesis elektoral la, li reponn :"se pa enjerans e manb Kongrè a, yo tout fè l."

XS
SM
MD
LG