Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump ak Plizyè Lòt Lidè Mondyal nan Lagrand Bretay pou Anivèsè Liberasyon Ewop Anba Almay Nazi


Rèn Elizabeth II, akonapye ak prens Wales la, Prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè lòt lidè mondyal nan okazyon selebrasyon 75èm anivèsè D-Day, ou Jou-J a. Portsmouth, Angletè, 5 jen 2019.
Rèn Elizabeth II, akonapye ak prens Wales la, Prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè lòt lidè mondyal nan okazyon selebrasyon 75èm anivèsè D-Day, ou Jou-J a. Portsmouth, Angletè, 5 jen 2019.

Premye Minis bratinik la, Theresa May resevwa prezidan ameriken an, Donald Trump, ak lòt lidè mondyal plis reprezantan 14 peyi nan okazyon anivèsè Jou J a, swa jou kote fòs alye yo te debake nan Normandi, an Frans , pou yo te kòmanse liberasyon Lewòp anba okipasyon Lalmay Nazi.

Seremoni yo dewoule nan vil Portsmouth, nan pati sid Langletè. Yon deklarasyon biwo premye minis May pibliye, degaje enpòtans sa dokiman an rele "pòte istorik kowoperasoyn entènasyonal ki te nesesè pou lanse oprerasyon masif ki te pèmèt fòs militè alye yo debake pa lòt-bò kanal la Manche la, nan Normandi, an Frans, kote yo te kòmanse misyon difisil ki ta pral debouche sou defèt Lalmay Nazi."

XS
SM
MD
LG