Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump Resevwa Tokay Tirk li, Recep Tayyip Erdogan, nan Lamezon Blanch


Prezidan, Donald Trump, (adwat) ak Prezidan Recep Tayyip Erdogan, (agoch) nan Lamezon Blanch. (Foto: AP/Evan Vucci) 16 me 2017.
Prezidan, Donald Trump, (adwat) ak Prezidan Recep Tayyip Erdogan, (agoch) nan Lamezon Blanch. (Foto: AP/Evan Vucci) 16 me 2017.

Pezidan Ameriken an Donald Trump resevwa Prezidan tirk la, Recep Tayyip Erdogan, madi 16 me 2016 la nan Lamezon Blanch. Rankont sa a vini yon semèn apre lidè Etazini te fin provoke kòlè nan Latirki lè li te otorize pou yo ame kird siryen yo.

Prezidan Donald Trump presize pou l di:

" 2 lidè yo ta sipoze genyen dikisyon ki long e difisil sou relasyon ant peyi yo. Nou te genyen yon bon relasyon , e nou pral fèl pi bon toujou. Kidonk, nou pral genyen diskisyon trè djanm e trè solid."

Etazini konside òganizasyon kird YPG a kòm yon eleman enpòtan nan lit kont Gwoup Eta Islamik la ak pou efò kap fèt pou dechouke yo nan vil Raka nan peyi Siri. Sepandan otorite tirk yo konsidere YPG kòm yon ekip teworis akoz koneksyon yo ak gwoup PKK a kap mennen yon mouvman rebelyon kont gouvènman an depi anviwon 3 dizèn lane.

Prezidan Recep Tayyip Erdogan te deja di desizyon Washington pou ame YPG a pa ale ak strateji li pa li a. Otorite tirk yo kontinye pou di se yon desizyon yo pap janm aksepte pou yo ta itilise gwoup YPG a nan lit kont konbatan gwoup Eta islamik la.

Sepandan, Mesye Erdogan te di semèn ki sot pase la a, vizit li nan Washington pral make yon nouvo depa nan relasyon ant Tirki ak Etazini. Lidè Tirk la di ankò, kowoperasyon ant 2 peyi yo trè zenpòtan pou lemond e pou yon ekspansyon relasyon ekonomik e militè ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG