Prezidan Etazini an, Barack Obama rankontre ak premye minis britanik la, David Cameron nan vil Lond mèkredi 25 me 2011 la; e pita nan jounen an, lidè ameriken an gen pou l pran lapawòl devan palman britanik la; daprè obsèvatè yo diskou sa a pral santre sou relasyon Etazini ak Ewòp.
Mesye Obama ak mesye Cameron gen pou yo diskite sou fason Lèzetazini ak la Grand’Bretay ka pote asistans yo bay rebèl anti-Kadhafi yo nan Libi e ki meyè fason yo ka ede jèn demokrasi yo nan peyi Ejipt ak Tunizi.
Pandan Mesye Obama ap pale devan 2 chanm palman britanik la reyini, li gen pou l deklare: “Lezetazini ak Ewòp dwe jwe yon wòl lidè nan sekirite mondyal”.