Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama di Sanksyon Kont Iran yo Bay Bon Rezilta


Prezidan Obama pran lapawòl dimanch nan fen somè peyi ki gen kòt sou Pasifik la –somè ki t ap dewoule nan Hawayi--
Prezidan Obama pran lapawòl dimanch nan fen somè peyi ki gen kòt sou Pasifik la –somè ki t ap dewoule nan Hawayi--

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen sanksyon Konsèy Sekirite l’ONU an mete sou do Iran yo kòmanse genyen bon jan konsekans e nan plizyè nivo.

Pandan Misye Obama t ap pran lapawòl dimanch nan fen somè peyi ki gen kòt sou Pasifik la –somè ki t ap dewoule nan Hawayi-- li di li pral pran kontak ak dirijan peyi Larisi ak Lachin sou mwayen pou yo mete plis presyon toujou sou Teheran, yon fason pou fè l mete fen nan pwogram nikleyè l la.

Misye Obama deklare:

“Nou tou lè 3 dakò totalman ak objektif la, ki se chache gen asirans ke Iran pa devlope zam nikleyè e ke nou pa pwovoke yon kous pou zam nikleyè nan rejyon an. Se yon bagay ki nan enterè nou tout.”

Prezidan Obama kontinye pou l di Lèzetazini pa wete okenn opsyon sou tab la pou l fè Iran satisfè egzijans Konsèy Sekirite a.

XS
SM
MD
LG