Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Aplodi Plan Refòm Ekonomik Lidè Italyen yo


Prezidan Barack Obama, resevwa premye minis italyen an, Mario Monti nan La Mezon Blanch
Prezidan Barack Obama, resevwa premye minis italyen an, Mario Monti nan La Mezon Blanch

Prezidan Barack Obama, ki t ap resevwa premye minis italyen an, Mario Monti nan La Mezon Blanch, deklare Itali reyalize “yon kòmansman solid e djanm” nan kad plan peyi sa a genyen pou l koupe sou defisi nasyonal li a epi retabli sante fiskal li sou gouvènman misye Monti a.

Misye Obama di: "Premye Minis Monti monte sou pouvwa a nan yon moman difisil nan politik italyèn nan e difisil tou nan istwa ekonomi peyi a. Mwen vle di tou senpleman kijan nou apresye gwo kokenn debi li lanse la a, menm jan nou apresye mezi efikas l ap aplike anndan Itali.

Nou deja konstate ke, gras ak lidèchip li, eksperyans li, ak konesans pèsonèl li nan domèn ekonomik la, li rive non sèlman retabli konfyans Italyen yo nan yon pwogram refòm, men tou li rive retabli konfyans moun atravè tout Lewòp e sou mache entènasyonal la."

Misye Monti, li menm --ki se yon pwofesè ekonomi epi yon ansyen komisè pou kesyon konkirans ekonomik nan Inyon Ewòp la— deklare, menm si italyen yo se moun ki difisil pou satisfè, sanble yo aksepte plan refòm li a.

Premye Minis Mario Monti deklare: “Mwen vle remèsye Prezidan Obama anpil-anpil pou pawòl chaje ak jenerozite li itilize pou l apiye mwen; se yon ankourajmen tou pou gouvènman m nan, pou li kontinye sou menm wout la, e se yon plezi pou m anonse ke wout k ap mennen nan konsolidasyon bidjetè a, nan refòm striktirèl yo, kèlkeswa difisil li difisil a kou tèm, se yon wout opinyon piblik italyèn nan an jeneral sanble konprannn e aksepte; mwen panse se yon bon baz tou pou anvi peyi nou an. “

XS
SM
MD
LG