Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksik la Popilè a Mò, Nan Moman Lap Make Mitan Manda li


Prezidan Meksiken Andres Manuel Lopez Obrador pale ak foul la pandan yon miting pou komemore 3e anivese li sou pouvwa a, nan Zocalo, vil Meksiko Siti, 1 Dec. 2021.
Prezidan Meksiken Andres Manuel Lopez Obrador pale ak foul la pandan yon miting pou komemore 3e anivese li sou pouvwa a, nan Zocalo, vil Meksiko Siti, 1 Dec. 2021.

Prezidan Meksiken Andrés Manuel López Obrador oganize yon kokenn chenn miting politik pou make mitan manda li, ki se yon total 6 zan, nan moman sondaj opinyon yo montre 2/3 popilasyon an apwouve fason lap jere peyi a.

López Obrador se yon mèt nan kestyon konferans pou laprès, epi stil moun pwovens li ak osterite pesonèl li lakoz Meksiken yo renmen'l anpil malgre gen done ki montre peyi a gen pwoblèm.

Meksik ap avanse nan direksyon 450,000 ka lanmò akoz maladi COVID-19 la, enflasyon monte nan 6% epi se tout tan gang dwòg yo ap touye moun.

Peyi a pa egzije sitwayen li yo mete mask non plis, e Mekredi prezidan an te fè sa li pi renmen fè, bonboche ak gwo foul patizan li yo.

XS
SM
MD
LG