Accessibility links

Breaking News

Etazini: Madanm Bawon Dwòg Meksiken 'El Chapo' Kondane a 3 Zan Prizon


FILE - Emma Coronel Aispuro, the wife of Joaquin Guzman, the Mexican drug lord known as "El Chapo", exits the Brooklyn Federal Courthouse during the trial in the Brooklyn borough of New York, Feb. 5, 2019.
FILE - Emma Coronel Aispuro, the wife of Joaquin Guzman, the Mexican drug lord known as "El Chapo", exits the Brooklyn Federal Courthouse during the trial in the Brooklyn borough of New York, Feb. 5, 2019.

Madanm trafikan dwòg Joaquin "El Chapo" Guzman te kondane a twa zan prizon apre li te plede koupab ke li te ede mari l dirije anpi òganizasyon kriminèl li a ki antre plizyè milya dola.

Emma Coronel Aispuro te ede mari li sove nan yon tinèl ke yo te fouye anba yon prizon nan Meksik an 2015. Avoka akizasyon yo te di pandan yon odyans nan tribinal federal nan Washington, "Emma te bay Guzman yon mont ki gen GPS ladan li, Sa te ede moun k ap fouye tinèl la idantifye kote li te ye, 1 ane apre to rive mete lidè katèl Sinaloa anba kod.

Avoka akizasyon yo te mande pou Emma ale nan prizon pou kat ane, men Jij Distri Ameriken an Rudolph Contreras te enpoze yon santans ki pi kout, paske li di wòl Emma se te yon ti moso nan yon koken chen òganizasyon. Li ajoute ke arestasyon Emma pa redwi domaj katèl la koze.

Li te fè fas ak yon minimòm 10 an prizon men li te sijè a yon dispozisyon yo rele "valv sekirite" paske li pa te gen okenn dosye kriminèl, e yo pa te konsidere'l kòm yon lidè, epi yo pa te enplike'l nan zak vyolans.

Avoka defans yo te fè remake tou ke li te gen selman 17-zan lè li te rankontre ak Guzman epi marye ave l a laj de 18 an, jou anivèsè nesans li.

Li te deja plede koupab pou twa ofans federal nan kad yon akò ak avoka federal yo. Li te bay tou $1.5 milyon dola.

Akizasyon kont li yo genyen ladann konplo pou distribye ewoyin, kokayin, marigwana ak metanfetamin pandan plizyè ane. Li te plede koupab tou pou yon akizasyon konspirasyon blanchiman lajan ak angaje nan tranzaksyon ak yon trafikan nakotik etranje.

Madan El Chapo te ede tou achte tè pou tinèl ke mari'l te itilize pou te sove kite prizon an. Met sou sa, li te konn pote mesaj bay Guzman nan prizon an, sa ki te pèmèt li kenbe kontwòl katèl Sinaloa a pandan l te dèyè bawo.

Yo te arete Emma Coronel Aispuro nan mwa fevriye a nan Ayewopò Entènasyonal Dulles nan Vijini e li te nan prizon depi lè sa a.

XS
SM
MD
LG