Akoz tansyon ki egziste nan Guatemala apre eleksyon 25 Jyen an, Prezidan peyi a Alejandro Giammettei pran yon mezi ki ra kote li pibliye yon lèt ouvè ki di li pa gen okenn entansyon rete sou pouvwa a apre fen manda li.
Gen 2 semèn ki pase depi otorite elektoral yo te sètifye 2 kandida a la prezidans ki pral twoke konn yo nan dezyèm tou a ki fikse pou 20 Out.
Sepandan tribinal yo entèveni sou demann kèk pati politik epi bloke sètifikasyon rezilta yo.
Delè a lakoz gen bwi kap sikile pou di kom kwa prezidan an taka eseye rete sou pouvwa a paske youn nan kandida ki pral patisipe nan dezyèm tou a sèmante pou l takle koripsyon.
Giammettei deklare Lendi, dezyèm tou a pral fèt jan sa te prevwa, e ke li pral kite pouvwa a 14 Janvye, 2024.