Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Deside Atake Siri, Men Li Di Li Pral Chèche Apwobasyon Kongrè a


President Barack Obama stands with Vice President Joe Biden as he makes a statement about Syria in the Rose Garden at the White House in Washington, Aug. 31, 2013.
President Barack Obama stands with Vice President Joe Biden as he makes a statement about Syria in the Rose Garden at the White House in Washington, Aug. 31, 2013.
Prezidan Barack Obama anonse li deside Lèzetazini dwe pran aksyon militè kont peyi Siri pou swadizan itilizasyon zam chimik twoup gouvènman siryen an fè kont pwòp popilasyon sivil li semèn pase anwo a, men chèf Mezon Blanch lan fè konnen li pral chèche otorizasyon Kongrè a pou l itilize lafòs.

Nan yon mesaj li voye bay nasyon amerikèn nan samdi apre midi, misye Obama di “pandan li genyen otorite pou l aji pou kont li, li kwè li enpòtan pou peyi a genyen yon deba sou kesyon an".
Prezidan di Lèzetazini pa kapab e l pa pral fèmen je sou sa k pase nan Damas la. Li ajoute swadizan atak gouvènman siryen an gen enplikasyon ki ale pi lwen pase yon lagè bakteryolojik.
Misye Obama di "si devan zak rayisab sa a nou pa rann moun ki fè komèt li a responsab, kisa sa pral vle di sou detèminasyon nou pou n kanpe anfas zòt ki pase anba pye dwa entènasyonal fondalnatal yo ? Kisa nou pral di gouvènman ki chwazi fabrike zam nikleyè ? Teworis ki kapab simaye zam byolojik ak lame ki komèt jenosid, zak asasinay pa bann e pa pakèt yo ?"

Lidè ameriken an di "tout entèvansyon Lèzetazini nan Siri se pa pral yon aksyon “san fen” e’l pa pral voye sòlda ameriken sou teren an".

Nan moman li tap pale nan jaden woz Mezon Blanch lan, yon bann manifestan te kanpe pa lòt bò gri palè prezidansyèl la e tap chante slogan, ajite bannyè pou fè konnen yo kont entèvansyon militè Lèzetazini nan Siri.

Pandanstan, yon bann aktivite diplomatik ap dewoule dèyè-pòt sou kriz Siri a.
Lamezon Blanch fè konnen gwo konseye sekirite nasyonal li yo te fè yon konferans pa satelit ak lidè Sena ameriken an samdi. Dimanch, Lamezon Blanch genyen pwojè fè yon rankont tout-pòt-fèmen ak manm chanm depite a sou kriz Siri a.

Lidè Repibliken nan palman an di yo kontan deske prezidan Obama ap chèche otorizasyon chanm nan pou kèlkeswa aksyon militè a. Nan yon kominike yo pibliye samdi, yo di “anba konstitisyon amerikèn nan “ se Kongrè ki gen otorizasyon deklare lagè”.

Ekip enspektè Dwazimen Nasyon zini ki te ale mennen ankèt nan Siri sou sa’k pase semèn dènyè nan alantou vil Damas la boukle travay li samdi 31 out la.Yon pòtpawòl sekretè-jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, di chèf l’Onu ap resevwa demen yon kont-randi sou misyon an nan men chèf ekip enspektè yo. Pòtpawòl la derefize di ki lè ekip enspektè yo pral prezante yon rapò konplè sou dekouvèt yo fè nan Siri.

Misye Obama di li genyen konfyans nan yon rapò Kominote Ransèyman Etazini an ki montre se gouvènman siryen an ki responsab atak semèn pase a…e li pa santi l oblije tann rezilta ankèt Nasyonzini an.

Lidè ameriken an deklare “mwen santi m alèz pou m pouse pou pi devan san apwobasyon Konsèy Sekirite l’Onu an ki, pou jouk na p pale la a---paralize nèt e pa montre volonte pou l rann prezidan Assad (prezidan siryen an) responsab".

Gouvènman siryen an demanti twoup li yo te itilize zam chimik.

Prezidan Larissi a, Vladimir Putin, bò kote pa li, egzòte pisans oksidantal yo fè "preuve retenue", sètadi, mete dlo nan diven yo sou kesyon Siri a nan moman prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse yon aksyon militè pou swadizan atak ak zam chimik ki te fèt semèn pase nan Siri a.

Misye Putin deklare samdi “se ta pi gwo “non-sans ” pou fòs gouvènman siryen an itilize zam chimik lè lap genyen lagè a kont rebèl yo kont rebèl yo".
Li egzòte tou Lèzetazini pèmèt enspektè zam chimik l’Onu yo fini travay yo nan Damas e kite peyi Siri pou yo vinn prezante dekouvèt yo fè laba a.

Vandredi, sekretè Deta ameriken, John Kerry, te di "kominote ransyèman Lèzetazini genyen gwo konfyans nan yon rapò ki endike gouvènman siryen an te lanse yon atak ak gaz anpwazonnen semèn pase a". Selon misye Kerry, yon vèsyon non-konfidansyèl rapò a montre mil katsan (1.400) siryen te pèdi lavi yo nan atak sa-a--pami yo omwen 426 timoun.
XS
SM
MD
LG