Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare jedi premye jen 2017 la, li pran desizyon pou l wete Lèzetazini nan aakò istorik e mondyal sou chanjman klamatik yo, akò ansyen Prezidan Barack Obama te siyen ak dirijan yon afè 195 lòt peyi nan vil Pari, an Frans, nan lane 2015.
Nan yon mesaj Misye Trump te pibliye sou kont Twitter li a nan sware mèkredi 32 me a, li te di li pral anonse desizyon li a nan yon seremoni ki tap gen pou dewoule vè 3 zè de laprè-midi, jedi 1e jen an, nan Jaden Woz Mezon Blanch la. Li te fini mesaj la avèk eslogan kanpay elektoral li a: "Ann fè Lèzetazini vin gran ankò."
Vrèmanvre, nan apremidi jounen jedi a, Prezidan Trump deklare:
" Mwen wete Lèzetazini nan Akò Pati a sou chanjman klimatik yo yon fason pou m kenbe pwomès mwen te fè votan ameriken yo pandan mwen tap mennen kanpay pou prezidans Lèzetazini an. Lèzetazini ap wete kò l nan Akò Pari a; men nou pral kontinye negosye pou n jwenn yon antant ki ekitab pou pèp ameriken an. Si nou jwenn youn, se trè byen; si nou pa jwenn youn, se bon tou."
Pi bonè nan jounen jedi a, pandan Misye Trump tap poze pou fotograf yo ansanm avèk Premye Minis vyetnamyen an, Nguyen Xuan Phuc, kap fè yon vizit Ozetazini, li te fè konnen, pandan li tap reflechi sou ki desizyon pou l pran, li te resevwa konsèy nan men divès moun ki genyen opinyon diferan sou dosye a. Daprè pòtpawòl Mezon Blanch la, Sean Spicer, pami moun Prezidan Trump te kontakte sou kesyon an, genyen lidè sektè komès ak endistri a ak otorite wo-plase nan peyi etranje.