Accessibility links

Breaking News

Presyon ap Ogmante Nan Lemond Kont Lidè Libyen an


Manifestan kontinye ap pwoteste nan Libi kont lidè Kadhafi
Manifestan kontinye ap pwoteste nan Libi kont lidè Kadhafi

Presyon ap ogmante nan lemond antye kont lidè libyen an, Muammar Kadhafi Madi 1er mas 2011 la, Otrich ajoute sou lis peyi ki anonse pwojè pou yo jele avwa lidè libi a ak asosye pwòh li yo an akò avek sanksyon Inyon Ewòp la.

Daprè estimasyon, Libi gen omwen 1 milya 600 milyon dola nan bank Otrich. Lezetazini fè konnen li an konsiltasyon avèk alye li yo sou opsyon militè pou fè fas ak operasyon mòtèl lidè libyen an Muammar Kadhafi lanse sou fòs opozisyon an k ap eseye mete fen nan 42 zan rejim gwo ponyèt li a.

Otorite ameriken yo di y ap pran tout opsyon an konsiderasyon pami yo : enpoze yon zòn kote avyon pa gen dwa vole pou anpeche Avyon Mesye Kadhafi yo mete sou pye plis atak sou rebèl yo ki kontwole pati lès ak pati lwès Libi. Premye minis britanik la, David Cameron deklare Lond ap travay tou sou yon plan pou yon zon kote avyon pa gen dwa vole sou Libi.

XS
SM
MD
LG