Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, pral vizite Pearl Harbor ansanm ak Prezidan Obama demen madi 27 desanm 2016 la pou yo " eksprime enpòtans rekonsilyasyon ant Japon ak Etazini," dapre sa Prensipal Sekretè Kabinè Yoshihide Suga te fè konnen.
Mezon Blanch fè konnen vizit sa a pwal moutre klè alyans ant 2 lènmi nan epòk lagè.
Misye Abe se pral premye chef gouvènman japonè an fonksyon ki vizite Pearl Harbor depi yon eskal tou kout lè ansyen lidè japonè,Shigeru Yoshida, te fè nan dat 12 Septanm 1951.