Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Italyen an ap Demisyone


Premye minis Italyen an Silvio Berlusconi
Premye minis Italyen an Silvio Berlusconi

Premye minis Italyen an, Silvio Berlusconi, deklare li pral bay demisyone aprè palman an finn pase refòm ekonomik mare senti ki vize estabilize ekonomi peyi a.

Mesye Berlusconi fè anons sa a madi 8 novanm 2011 la aprè li fin pèdi majorite palmantè a pandan yon vòt sou yon mezi bidjè woutin nan chanm bas la.

Aprè plis ke mwatye nan 630 syèj chanm palman an te refize vote, opozisyon an mande pou msye Berlusconi rache manyòk li.

XS
SM
MD
LG