Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry Di Gouvènman li Pa Nan Konfyolo ak Gang


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)

Premye Minis Ayisyen an Ariel Henry pran la pawòl bonè maten an nan yon diskou nasyonal kote li fè konnen gouvenman li an pa ann afè ak gang.

"Gouvènman m ap dirije a pa nan konfyolo ak gang, nou pa nan negosye ak gang, nou pa nan biznis bay gang lajan. Vòlè se an vòlè ou treta sa. Asasen se an asasen ou trete sa," premye minis la deklare.

Diskou a fèt 4 hè d tan apre anons Primature la te fè sou kont ofisyèl Twitter li a ke premye minis la te gen entansyon fè yon diskou nasyonal.

Premye minis la ap fè fas ak anpil kritik akoz ensekirite a k ap ogmante pi plis chak jou, rate gaz la epi aktivite gang yo ke li pa rive kontwole. Pi bonè nan semèn nan, Senatè Joseph Lambert epitou pòt pawòl gwoup opozisyon Sektè Demokratik ak Popilè a, Andre Michel te lanse apèl bay Henry pou'l bay demisyonn.


PM Henry lanse yon pinga tou bay moun kap soutire bandi yo, ke li dekri kòm "lènmi pèp ayisyen."

"Tout moun kap sipòte bandi, ede yo jwenn zam ak minisyon, tout moun k ap ba yo kòb anba chal, tout moun k ap sèvi avè yo pou bloke tout aktivite nan peyi a, tout moun k ap fè dil ak yo pou yo ka pran pouvwa, Yo tout se lènmi pèp ayisyen, e se kòm lènmi nap trete yo," Misye Henry deklare.

Konsènan rate gaz la, premye minis la di l'eta ap fè tout sa li kapab pou asire popilasyon an gen aksè ak gaz li bezwen.

"Mwen vle tout moun konnen peyi a pa manke gaz. Gouvènman an fè anpil efò pou tout rezèvwa yo gen ase gaz e kòm nou konnen demand lan pral ogmante, lè livrezon yo rekòmanse, plizyè lòt kòmand gentan pase e gen bato ki deja la k ap tann pou dechaje," premye minis la fè konnen.

Sepandan, Henry pa di krik pandan diskou a, sou sityasyon 17 misyonè gang 400 Mawozo a kenbe ann otaj depi 16 Oktòb. Lidè gang sa a, ki se youn pami gang pi vyolan ak pi puisan ann Ayiti - Wilson Joseph - mande yon ranson $1 milyon dola pou chak otaj e li menase pou touye yo si demann ni pa satisfèt.

Jedi 28 Oktòb la, yon sous Polis Nasyonal Ayisyen an te di Agence France Presse ke yo gen prèv misyonè yo toujou vivan.

Etazini voye plizyè ajan FBI ansanm ak responsab la jistis ann Ayiti pou ede PNH jwenn epi libere misyonè bandi kenbe yo.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG