Accessibility links

Breaking News

PNH Anonse Li Komanse Livre Petwol ann Ayiti


Livrezon petwol nan peyi d'Ayiti avek akonpayman Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH, 27 Oct. 2021. (Foto: @PNH_Officiel Twitter)
Livrezon petwol nan peyi d'Ayiti avek akonpayman Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH, 27 Oct. 2021. (Foto: @PNH_Officiel Twitter)

Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH, fe konnen sou kont ofisyel Twitter li a ke li komanse livrezon petwol nan peyi a bone Mekredi 27 Oktob la.

" Apwovizyonman ponp gaz, lopital ak gro indistri yo komanse, depi byen boné jodi 27 octòb la, gras a jefò lapolis la deplwaye. Lapolis pral kontinye ranfòse dispozitif sekirite pou transpotasyon gaz la kontinye fét an tout sekirite, sòti nan tèminal yo pou ale nan tout lòt zòn," PNH fe konnen.

Nan yon dezyem mesaj, li lanse apel bay popilasyon an pou pemet " distribisyon an fèt nan lòd ak disiplin."

Rate gaz la koze tet chaje non selman pou popilasyon an men tou pou komes yo.

Mezon Blanch Ap Ede Ayiti Jere Kriz Livrezon Petwol la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:05 0:00



Mekredi apremidi nan Washington, pot pawol Lamezonblanch la, Jen Psaki, te fe konnen Etazuni ap ede Ayiti jere livrezon pwodui petwolye yo.

"Sou kesyon rate gaz la, n ap travay sou sa e nou konsantre atansyon nou sou fason nou ka apiye Polis Nasyonal Ayiti a an nan jefò l ap fè pou l tabli yon pasaj ki ofri sekirite pou pèmèt livrezon petwòl la fèt... Sa se yon defi, paske ou byen konnen gen kek zòn ann Ayiti kote li pa fasil pou rive; e lè ou mete menas ensekirite a sou sa, se yon veritab tèt chaje. Men, objektif efò n ap fè pou n ede mete sekirite sou wout transpò sa yo, se pèmèt petwòl la rive nan kominote ki bezwen l yo."

Nan yon entevyou ak VOA Kreyol Mekredi, ekonomis Ayisyen Enomy Germain deklare rate gaz la gen gwo konsekans sou ekonomi peyi a.

"Mwen panse ke se yon veritab chok ekonomik. E akoz de chok sa a, mwen panse ke ekonomi an ap woule a petet 25 pousan de sa kapasite," misye di VOA.

Ekonomis Ayisyen Enomy Germain di Kriz Petwolye ak Grev Gen Gwo Konsekans pou Ekonomi Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:40 0:00





Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell epi Wilner Bossou nan Potoprens kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG