Accessibility links

Breaking News

Mezon Blanch Ap Ede Ayiti Jere Livrezon Petwòl la, daprè Pòtpawòl Jen Psaki


Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, nan rankont li fè chak jou ak laprès nan Washington. (Foto AP/Susan Walsh. 26 okt. 2021.
Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, nan rankont li fè chak jou ak laprès nan Washington. (Foto AP/Susan Walsh. 26 okt. 2021.

Madam Psaki deklare: "Sou kesyon rate gaz la, n ap travay sou sa e nou konsantre atansyon nou sou fason nou ka apiye Polis Nasyonal Ayiti a an nan jefò l ap fè pou l tabli yon pasaj ki ofri sekirite pou pèmèt livrezon petwòl la fèt..."

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, di jounalis yo, nan jounen madi 26 oktòb 2021 an, Etazini ap ede Ayiti jere livrezon petwòl la. Madam Psaki, ki t ap pale ak laprès, bay eksplikasyon sa yo:

"Sou kesyon rate gaz la, n ap travay sou sa e nou konsantre atansyon nou sou fason nou ka apiye Polis Nasyonal Ayiti a an nan jefò l ap fè pou l tabli yon pasaj ki ofri sekirite pou pèmèt livrezon petwòl la fèt... Sa se yon defi, paske ou byen konnen gen kek zòn ann Ayiti kote li pa fasil pou rive; e lè ou mete menas ensekirite a sou sa, se yon veritab tèt chaje. Men, objektif efò n ap fè pou n ede mete sekirite sou wout transpò sa yo, se pèmèt petwòl la rive nan kominote ki bezwen l yo."

Mezon Blanch Ap Ede Ayiti Jere Kriz Livrezon Petwol la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:05 0:00

Jounalis yo te soulve kesyon misyonè gang 400 Mawozo kenbe yo epi yo mande poukisa Etazini kontinye ap depòte migran ayisyen yo. Madam Psaki reponn:

"Mwen kwè li enpòtan pou moun sonje ke n ap fè tout san nou kapab pou n sove misyonè sa yo ki se sitwayen ameriken. FBI nan peyi a; nou gen lòt responsab ki nan peyi a pou ede nou. Anbasad amerikèn nan Pòtoprens ap jere jefò sa a. Otaj yo se sitwayen Ameriken. Nou te lanse apèl plizyè fwa bay Ameriken pou n konseye yo pa vwayaje ann Ayiti. Depi mwa d out la nou pa sispann ap fè sa. Nou lanse apèl sa a plizye fwa deja."

Pòtpawòl Mezon Blanch la fini pa di: òè

"Yon lòt kote, gen plizyè defi ki poze pou ayisyen k ap retounen Ayiti yo – an palan de moun nou depòte yo. Se Depatman d Eta ki pran desizyon sa yo an kolaborasyon ak Depatman Sekirite Nasyonal la. Se yo menm ki deside si kondisyon yo ann Ayiti pwopis ou pa pou migran yo tounen nan peyi a. Yo kontinye fè evalyasyon tout tan. Donk, fòk moun konprann ke sityasyon sitwayen ameriken ki ann Ayiti yo ak menas ki poze pou sekirite yo, diferan pa rapò ak sa migran ayisyen yo ap konfronte, yo menm."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG